Yon nouvo van lespwa pral soufle sou Site Solèy gras ak AFORC!

 

Timoun jodi, granmoun demen, Chanjman nou reve pou peyi nou an, li dwe pase pa timoun yo, ankadre yo, ba yo edikasyon. 

Nelson HILAIRE pou VIEW WEB MEDIA

Se nan lide sa a Thamara Revolus, Chanpyon nan konkou Jeune leader d'Haïti nan lane 2021 e ki se youn nan 3 Gayan PRIM POU CHANJMAN/ Cite Soleil Peace Prize 2022, ki wè nesesite pou pote chanjman nan Site a, kòm pitit Site Solèy , chwazi enplante Atelier de Formation et de Créativité (AFORC) nan lide pou pote yon chanjman nan site Solèy. Li se Kòdonatris Jeneral la.

Youn nan timoun ki nan pwojè AFORC ki t ap bay diskou


View Web Media: Ki objektif AFORC Thamara?

Thamara : AFORC gen pou objektif akonpaye timoun ki nan laj 9 lane pou rive 15 lane, pou montre yo wout chimen pwogrè ak reyisit pandan y ap pran chimen lekòl, yon fason pou yo ka itil kominote yo pozitivman.

View Web Media: Kisa nou fè nan AFORC?

Thamara: Nan AFORC nou travay ak timoun yo sou divès kalite metye manyèl, nou devlope sans kritik ak kreyativite lakay yo, nou ba yo fòmasyon sou chanjman mantalite ak konpòtman yo.

Timoun ki benefisye pwojè a


View Web Media: Ki misyon AFORC?

Thamara: Misyon nou se kreye nouvo modèl pou Site a, nou vle kreye yon lòt jenerasyon lidè ki dwe itil kominote a ak peyi a.

View Web Media: Ki sa ki motive w pou mete yon pwojè konsa ?

Thamara: Mwen ak anpil lòt jèn motive pou yon pwojè parèy, paske nou konstate Site Solèy se yon komin ki gen anpil vyolans ladann, fas ak sitiyasyon sa a anpil jèn ki te ka pote lespwa pou pi piti yo rive abandone zòn lan, sa ki vin rann timoun yo pa gen modèl Pozitif pou yo suiv. 

View Web Media: Poukisa ou priyorize Site a ?

Thamara: Mwen priyorize Site Solèy, paske se nan espas sa a mwen fèt, grandi tou. Malgre tout pwoblèm ki genyen ladann mwen santi m gen yon dèt moral pou Site a, mwen kwè peyi sa a ap chanje pandan chak moun dwe fè sa yo dwe fè nan kominote yo.
Ekip ki nan pwojè a

View Web Media: Ki obstak ou jwenn nan pwojè sa a?

Thamara: Mwen jwenn pwoblèm ekonomik, ensekirite a tou koz mwen pa ka rive touche tout timoun nan Site a.

View Web Media: Ki atant ou de pwojè sa a?

Thamara: Atant mwen ap konble lè mwen wè timoun yo vin yon modèl lidè ki pral enfliyanse pozitivman sa ki pi piti yo. Nan sans sa a, AFORC ap kontinye travay chak jou, pou chanje konpòtman timoun aktyèl yo, nan lide nan tan k ap vini yo pou n jwenn yon Site Solèy nan lapè ak timoun sa yo ki pral poze bonjan aksyon pozitif nan Site a.
Prestasyon yon gwoup timoun


N ap raple se zòn Waf, nan Site Solèy  jou dimanch ki te 26 Jen 2022 a, 10zè nan maten kòdonatris jeneral la ak tout ekip li te fè lansman ofisyèl AFORC.

Si tout jèn lidè tankou Thamara ta rive poze yon aksyon konsa nan kominote yo, nou imajine kijan sitiyasyon sosyopolitik ak ekonomik peyi a t ap ye?

Nelson HILAIRE

 
                                                          SUIVEZ-NOUS SUR: 

                          FACEBOOK                   TWITTER                 INSTAGRAM

Commentaires

Enregistrer un commentaire