Jen 2021- Jen 2022: Yon lane aprè, Matisan rete yon katye istorik gang achte lajan kontan.
Jean Jacques Noël Jean pou VIEW WEB MEDIA
Soti jou jedi kite 03 al bout jou samdi kite 05 Jen 2021, bandi ak zam k ap goumen, asasinen yon valè moun epi mete popilasyon Matisan an deyò ak tout enstitisyon mete sou biznis kite nan zòn nan. Yon lane aprè, anyen pa chanje.
Alòske depi nan dimanch kite 06 Jen 2021, pandan te gen kadav ki potko leve (paran potko fin peye Bandi pou yo ka vin pran yo) oubyen kite rete anndan kay yo, Premye Minis nan epòk lan, Claude Joseph, te rive pase Matisan san yon peta pa t pete, epi te pwofite pandan pasaj li, klèwonnen ke gouvènman an ak lapolis pral pran mezi nesesè, selon ijans moman an. Yon lane aprè, matisan vin pi abandone, kote ki te gen lekòl, lopital, se raje ki pouse la. Rantre abitasyon Leklè, rete gagè pou bandi twoke kòn yo. Sou Wout Nasyonal la, se yo ki deside pou di kilè k ap gen pasaj ak kilè pap genyen, se yo ki fikse pri pou chofè machin/moto k ap asire transpò moun ak machandiz pase, si yo pa ba w "patant" pou pase epi w pote boure, konnen w ap fè peyi san chapo filalang. Men m ajan Leta a ak Lapolis pase chemen dekoupe, lè yo gen "obligasyon" pou yo rann yo gran Sid Peyi a (rès Lwès la, Sidès, Sid ak Nip)
Matisan?
Katye Matisan ki twouve l ak 10-15 minit lokal gwo chabrak nan Leta a yo (Palè Prezidansyèl, Palman, Palè jistis, DDO-Lapolis) chita kò l nan zòn sid Kapital Pòtoprens, sou dezyèm Wout nasyonal peyi Ayiti. Gwo mòso sa a ki mete ak Tijo, Mòn lopital pou fòme komin Pòtoprens, te gen anviwon 267 510 moun ki t ap viv ladann avan evènman yo. Kote yo ye! Sa yo devni!
Matisan se (te) tou yon zòn istorik ki genyen grenn pak botanik ak medisinal ki egziste nan kapital la. Kote sila a te wè Nemours Jean Baptiste papa Konpa a, Konpè Filo, Albert Mangonès, pou n site moun sa a yo sèlman. Li te gen sou tan Lakoloni, rezidans prive Jeneral Leclerc ak madanm li Pauline Bonaparte (sè Napoléon Bonaparte). Anplis lòt potansyèl kiltirèl, Matisan te akeyi selebrite tankou Antwopològ Amerikèn Catherine Dunham kite tabli rezidans li la, san konte lotèl granzouzoun lan kote Bill Clinton ak madanm li te vin jwi maryaj yo (lune de miel).
Enstitisyon, biznis, travay?
Matisan pa t sèlman pase, men l (te) prezan. Ak pwojè Pak Matisan an sou kowòdinasyon Fokal, Matisan te abrite tou, yon pak miltidimansyon: kote nan yon anbyans natirèl zwazo t ap chante nan zòrèy ou, moun te ka vin vizite, detann ou, si w pa ta vle al li. Memoryal nan memwa tout sa k te pati 12 janvye yo, li la, anndan pak la. Pa mande m ki wout pou pase pou w al la!
Kòm katye popilè, Matisan te chaje lekòl ak biznis ladan li. Dayè, se tèlman lèt bèf la ta pwès, bandi yo ta mare goumen, pou ogmante tèritwa yo, konsa plis kote estratejik ta tonbe nan mitoyenn pa yo a. Menm jan ak lòt kote dènye ane sa a yo, kontwòl mache, ti biznis, chofè machin, se bandi Leta bay yo.Ti zanmi k ap jere t izanmi. Menm Kwabosal, youn nan pi gwo mache (istorik) peyi a, pa t sòti nan règ la.
Matisan paske l sitiye ant Mòn lopital ak lanmè a, te rete yon zòn estratejik kòm wout nasyonal nimewo 2 peyi a, li te sèvi pasaj pou moun Kafou, Gresye, Mèje, Lewogàn...monte desann ale nan inivèsite, al travay, al vann, travèse komès. Depi lè a anpil chemen dekoupe kreye, anpil nouvo biznis kreye. Vwayaj sou lanmè, avyon sòti Pòtoprens pou w al nan Gran Sid lan, machin pa pwoche pou transpòte w pou 300 dola vèt, grandon ap jwi, bandi ap pwofite, biznis kap fèt! Mizè a ap ogmante nan kò popilasyon an k idwe peye tout kòb anplis sa a yo ke bandi tout plim tout plimay ap pran yo.
Matisan se te lopital San Fwontyè tou. Di lopital se di swen, swen ijans, di anplwa. Matisan pa t matisan sèlman. Yo konnen twòp Mati san...e sa fè yon lane!
Jean Jacques Noël Jean
Mesi pou atik sa a
RépondreSupprimer