Nan okazyon jounen nasyonal pwofesè ann Ayiti

Nan kad jounen nasyonal pwofesè yo, Anseyan Lidè Luckson itilize 5 sans pwofesè yo pou li drese yon tablo tris de reyalite anseyan nan peyi a. Li rive fè elòj tou pou yon òganizasyon k ap evolye nan domèn ledikasyon ann Ayiti.


 Senk (5) sans pwofesè yo.

1. 

Mèsi zòrèy mwen ! 

Gras ak ou, mwen pa sispann tande

Tout kalite koze, tout lodyans  sou 17 Me

Bel tèks powèt ak ekriven fè pwofesè ap boloze

Tankou m ta konprann pwofesè son gwo koze .


2.

Mèsi je m !

Gras ak ou, mwn wè san m pa pote vè

Tout konplis, tout  atoufè wa latè

K ap jwe wòl papa bon kè, k ap simaye yon edikasyon pèpè

Yon bann raketè, yo tout se menm, mache fè gran dizè

  Yon bann gwo Babin fin rich sou do mouche pwofesè.


3.

Mesi Nen m!


Gras ak ou, map respire toujou

Zorèy mwen mennen JE M jouk azouboutou

Pwofesè zèl nan do ou pa ta di son lougarou 

Pa pè ni solèy ak pousyè, ni lapli ak labou

Pa jwnen pa vle di pa gen apeti ni bouch pa gou.



M pran sant yon edikasyon pèpè pou yon sosyete chawa

Yon bann je pete klere sou pouvwa se sèl wa , atò ki wa!

Yon bann akrekre, bèk anfè k ap kolonize lespwa 

Si w pa gran Zouzounè , Zouzounèz , ou pa gen lavwa ni dwa

Bon pou la ou kite m ap pale ou pa di m sispann rablabla !


4.

Mèsi bouch mwen!


Gras ak ou mwen pa sispann pale

Pose kesyon, di Sa m panse e men m pwopoze 

Troke lide nan lekòl ak Kominote 

Brase lide ak APA je nan je pou sa chanje …


5.

 Mesi Men m yo !


Gras ak ou , mwen pa sispann kole pyese tout sa m panse

Gras ak ou mwen pa sispann ekri, m fi n tounen wosiyòl nan chante

Ak 2 nawèm m vwayaje sou tout planèt la, mèsi lasyans!

Gras ak teknoloji mwen rankontre APA ki pa mezire konesans

Anseye Pou Ayiti pa sispann Chache Konnen

Ant bwa piwo ak grenn pwomennen 

Kiyès ki pi konnen ak kiyès ki wè pi lwen .


Lanbi chanjman an sonnen 

Zorèy revolisyonè yo kanpe nan tout kwen.

Avan vye kò a tchoule, souf la koupe

 An n montre desten chimen

Ak 2 men n ann makonnen pou n fòje yon lòt demen.


Anseyan Lidè Luckson FLEURENCY,

Teknisyen nan pedagoji aktiv ak Lidèchip Transfòmasyonèl

Sou lidèchip Anseye pou Ayiti ( APA)



Commentaires

Enregistrer un commentaire